Devan Dèyè

Chita, ou pa mande m koze men mwen vle ba ou. Nou pral pale anpil, pa kwoupi, rale chèz ou. M pral diw anpil bagay.

Ann pale, eske w konnen sèks pa ta dwe yon sijè tabou? Ou konnen fòk tout moun ta ka pale de li alèz. Eskew konnen tou gen yon pil bagay yap fòse nou fè, se esteryotip yo ye?

Ann pale sou koze sa ki di, depi yon fanm abiye dekòlte, li se pa bon pou sa. Non ann itilize ekspresyon moun yo renmen itilize a, fanm nan ap vann kòl. Ki donk sosyete a mete fanm nan yon sèk ki piti anpil, ki pou diktel, kijan poul abiye, kijan pou li aji. Konsa yo vin ak dosye depi yon fanm renmen abiye pou kòl deyò se vann li ap vann li.

Yo menm vini ak dosye sa ki di, lè fanm lan abiye dekòlte, si mal chans pou li yo ta vyole li, se li menm ki responsab. Yo di ke si li ap vann se nòmal pou moun machande. Konsa viktim lan vin pase pou koupab.

Medam jodia kitem di nou abiye dekòlte pa gen okenn enfliyans sou pèsonalite nou, se yon chwa ke nou fè. Nou lib pou nou adopte stil nou vle. Jèn fi, ou menm fanm, kitem diw kèlkeswa janw abiye sa pa ba okenn nèg dwa, manyen w jan yo vle san konsantman w, sa pa ba nèg dwa vyole w.

Rad ou mete pa jistifye zak pèsòn. Ou abiye yon fason ki fè ou santi ou byen nan po w. Ou abiye yon fason ki fè w alèz. Sispann koute moun kap fè w kilpabilize pou yon bagay ke w pa responsab. Abiye dekòlte pa vle di vann kò. Abiye dekòlte se abiye yon fason ki fèw plezi.

Devan, Dèyè, yon ribrik ki ap pèmèt nou diskite sou anpil esteryotip ki egziste nan sosyete a, pale tou de sijè tabou, épi pale de dwa moun genyen.

Meïka Decime

Publié par EMARMIL

Écrivain, ingénieur civil, amoureux des livres, amoureux de la vie

Laisser un commentaire

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer