Jodi m

Anba yon solèy midi
Mwen plane sou yon vye kapay
Nan mitan 2 chanm kay
Mwen ak yon ti bout wob
San kilòt, san soutyen
Mbat kòm, m bat kòm
Wouy m cho

M pa ka dòmi. Mwen paka tann Jak ankò. Depi tan li konnen li gen pou li tounen. Timoun yo poko manje, m blije kite yo ap frite nan tout vwazinaj la. Fwaye dife Lakay mwen frèt depi yè, nan lè 4è.

Li dwe poko ka vann ti degaje yo. Li konnen li pa ka rantre de men vid, tout moun konte sou li. Men Jak manke eksperyans. Lè mwen menm, mwen al van nan mache, mpa mize. Poum vann ti mòso leyèt ak twal mwen yo. Mwen danse, mwen chante, m fè sou moun. Ayay, m tèlman montre m bezwen vann ti degaje a, menm moun ki pa bezwen, achte, pou fè yon vye fanm ak nèf pitit sou bral plezi.
Men Jak li menm dwe se koze li al koze ak kliyanl yo. M kòmanse deranje.
Vant mwen ap bouyi
M pran pòz m ka dòmi
Tchupsss, men se manti
Tout lidem sou kichòy Jak ap pote
Trip mwen ap kòde

Kòm kwa m tande, sè Mikèlanj te dim, Jak gen fanm gwos pou li. Fanm sa pa wè nan je li. Jak gen sèlman yon bourèt kann devan l. Bon poukisa li pral fè pitit ak sa. Tifi sa dwe malad, bon sa Jak ka ofril. Dènye pitit mwen ak Jak sot gen de zan. Jouskounya li poko al pran vaksen, épi li menm lal gwos. Li dwe panse bourèt kann lan se ja. Antouka, Jak ki konnen avèl. Sèlman, mpap aksepte, poum kite pitit mwen al fè visye kay vwazinaj, pou trip mwen ap kòde, menm saliv mpa ka vale ankò, pandan limenna byennerèz. M gen poum desann anba lavil poum lave zòn lan ak yon katafal betiz, yap mande sim fou. Mwen map mande yo pou yo kite Jak anrepo, m swete Jak la, lè sa, konsa kriz la ap pranm pi byen. Ou pa janm knn m ka fini nan kòlèt li.
Se Jak ki vin metem nan sa
Si li pat cho, poul te leve wòb mwen
Desann kilòt mwen
Depi lèm, ti jèn 15 ans, m patap nan sam ye a.
Pòkdefen manman m, li te konn dim tann lè m
Kounya kotem ye la
Lafen vanse touye m.

Écrit par Meïka Decime

Publié par EMARMIL

Écrivain, ingénieur civil, amoureux des livres, amoureux de la vie

Laisser un commentaire

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer