Omaj a yon Lejand👑

Jean-Jacques Louis Philippe Guerrier fĂšt 19 novanb 1757 nan lakou grande-riviĂšre-du-Nord. Philippe sonw ansyen militĂš ki te arive prezidan Ayiti nan lane 1844, lĂš sa li te genyen 86 lane.
Philippe fĂš pati sĂČlda ki te patisipe nan gĂš lendepandans yo kidonk li te ede konbat kolon fransĂš pou te kapab libere nou anba jouk lesklavaj.
 Listwa peyi dayiti rekonĂšt gwo bout tonton gason sa kĂČm 6Ăšm prezidan epitou kĂČm prezidan ki pi granmoun e nan moman li te monte sou pouvwa li te chef leta ki te pi granmoun atravĂš lemond.

Anvanl te rive prezidan, Guerrier te oblije kite Ayiti pou li ale an ekzil nan peyi Jamayik aprĂš monachi Henry Christophe la te fin tonbe(Philippe Guerrier te pwĂČch gouvĂšnman sila). Se nan lane 1840 li tounen nan peyi a poul vin patisipe nan lavi politik la.
Nan jou ki te 3 me 1844 Philippe te eli kĂČm prezidan a vi aprĂšl te fin patisipe nan ranvĂšsman gouvĂšnman Charles RiviĂšre HĂ©rard.
Sila yo ki te chwazi Philippe pou vini prezidan(prensipalman Beaubrun ak Celigny Ardouin) te konprann yo ta pral itilizel tankou yon ti poupe twĂšl, yon maryonĂšt. Yo te panse l vilnerab antanke yon ti granmoun 86 lane, men yo te echwe paske Philippe pat kite yo dominel.

Philippe Guerrier pase sĂšlman 11 mwa ak 12 jou sou pouvwa (mwens ke 1 lane) e pandan ti bout tan sa li te rive inifye peyi dayiti, li te mete lapĂš ant NĂČ ak Sid peyi a ki te nan chire pit depi plizyĂš lane.
Sonw nonm ki te kwĂš nan ledikasyon anpil malgre li pat konn ni li ni ekri. Pandan 11 mwa li te pase sou pouvwa li te fonde 2 lise nasyonal (LycĂ©e  Philippe Guerrier des Cayes et LycĂ©e Philippe Guerrier du Cap), youn se pi gwo lise « gran nĂČ » e lĂČt la se pi gro lise « gran sid ». 2 lise sa yo gen plis ke 170 lane depi yap desĂšvi popilasyon ayisyĂšn lan.

Philippe Guerrier pat yon gwo entÚlektyÚl ni yon gwo savan, li pat gen ni doktora ni metriz men se te yon vizyonÚ. Poul dirije, li te antourel ak yon pakÚt entÚlektyÚl pami yo Honoré Féry ki te trezorye leta e minis ledikasyon.
Philippe te konnen ke se bon jan enstriksyon ak bon jan edikasyon kap ka retire pĂšp ayisyen nan fĂšnwa, li te vle prepare timoun yo pou yo vini bon jan entĂšlektyĂšl ki kapab sĂšvi peyi yo.

 Pandan manda li a li te bay tĂšt li objektif poul mete yon lekĂČl nasyonal primĂš nan chak komin nan peyi a, li te gentan kĂČmanse fĂš sa men malerezman mouche lanmĂČ pat kitel fin reyalize bĂšl projĂš sila. Philippe te rann dĂšnye souf li 15 avril 1845 nan vil saint-marc  li te gen 87 lane.
Malgre pwa lane yo te lou anpil men yo pat janm rive pliye vizyon potorit gason sa.
Nan sĂšlman 11 mwa 12 jou sou pouvwa, Philippe Guerrier bati yon eritaj ke plizyĂš milye ayisyen ap benefisye jiska jounen jodia e mwen se youn nan yo.

LÚw se yon vizyonÚ laj ka redwi nan kapasite jéw men vizyon w ap rete entak, Philippe pwouve nou sa!

Écrit par Clefton « 33 » Simon
« 169e promotion LycĂ©e Philippe Guerrier des Cayes »

Je suis sur Instagram sous le nom @a.sui_vre. Installez l’application pour vous abonner Ă  mes photos et vidĂ©os. https://www.instagram.com/invites/contact/?i=27o03u740qse&utm_content=hz34hpd

Publié par EMARMIL

Écrivain, ingĂ©nieur civil, amoureux des livres, amoureux de la vie

Un avis sur « Omaj a yon Lejand👑 »

Laisser un commentaire

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer