Chak jou se yon mèvèy
Koz ou fè pati de li
Mwen dezabitye ak krèy
Paske mwen wè lòt avni.
Zanmi m yo pa konprann
Map souri menm lèm poukò m
Mwen ak lanati nou vinn antann
Tout sa paske w vinn sou bò m
Chak maten se vwa w manvi tande
Avan solèy la kòmanse klere m
Chak swa avè w m ta renmen pale
Avan ke domi ta vinn nan je m.
Kabann lan pa konprann mwen
Chak mouvman fè l sispèk
Ke se avè w map panse, premye bèk
Mwen paka ba l manti,mwen san fren
Chak jès mwen yo konplemante
Solèy mwen yo ka espere lalin
Ou jis refè m santi ke m egziste
Depi lè ou pran plas nan vin
Lè mwen gad nan glas, m wèw
Ou tounen yon pati nan mwen
M pa anvi pèdi plas mwen nan kèw
San ou,pa gen chans pou m wè demen
Écrit par FD1

Lanmou fè tout bagay bèl. Good job FD1
J’aimeJ’aime
Lanmou fè tout bagay diferan. Bon travay FD1
J’aimeJ’aime
Lanmou se sèl mòd ki pa janm pase.
Youn bèl tèks ki ekri ak kè!
Mèsi FD1
J’aimeJ’aime