W ale men pafen w rete
W ale ak sa m te espere
Mwen paka gade solèy nan je
Pa paske l pike, men li raple m ke
Nou kite tout bon vre..
Mwen poze solèy kesyon
Sou kijan pou m fè kè w rebat
Mwen mande lalin ti koze
Sou kijan lè m kwaze w pou n debat
Anpil zetwal gentan file
Men sam vle pako reyalize
Chak vag lanmè banm yon lèt
Ranje yo se yon kastèt
Moblije anrejistre yo nan kasèt
Poum jwenn nan lòd pou yo parèt
Si tout fwa m ta vle ekri w yon lèt
Si wap li mo sa yo
Pa kite dlo koule
Sonje ke mwen toujou kanpe
Menm kote ou te kite m lan
Ap tann ke w fè yon vire gade
Écrit par : FD1

Mwen apresye tèks la anpil.
Kenbe la pa lage.
Men, genyen kèk ti erè nan òtograf kèk mo.
J’aimeJ’aime