Kidnape m non

Jounen jodi se zafè kidnapping kap pale tout kote; ou pa tande yo kidnape entèl? Pitit yèswa si m pa pete kouri bandi met men sou mwen wi.

Bagay la prèske tounen arestasyon politik sou tan diktati. Yo kidnape entèl jodia, prese prese ou tande yon gwoup moun ap revandike pou yo lage li. Slogan yo pa chanje « ban nou li », « nou paka viv konsa », « nou bouke ». Apre kèk jou ou tande li libere, san bliye gwo sòm lajan ki depanse pou sa. Kòmsi se nan prizon moun lan te ye. Leta kanpe bèkèkè devan tout zak malonèt sa yo. Lapolis pa pote solisyon a kriz la epi ensekirite ap vale tèren pi plis chak jou.

Moun nan pwovens vin pi pè kapital la chak jou. Voye timoun yo al aprann nan Pòtoprens, opsyon sa kòmanse pase mòd. Paran yo pè pou sak ale deja yo. Chak jou se stress. Tout anvi yo se ta wè timoun lan retounen lakay.

Jèn yo tounen sib kidnapè. Ke w’ tap regle yon bagay serye, ke w’ te chita ap grate santi ke w’ tap chache met ti koulè nan lavi w’ se pa vini w’ ki pou sove w’. Anpil nan yo ap chache mwayen pou pati kite peyi a. Si se pat kowona se kounya peyi vwazen an te pral anvayi. Jèn yo ap chache bous nan tout kwen pou lage pye yo pou kidnapè pa mare pye yo, pa avili yo. Jèn fi yo menm pa epanye anba vye zak malonèt ki pou fè yo pèdi mounite yo.

Nou paka ret ap gade. Nou paka kontinye ap fè sit-in pou n ap kouri anba bal lapolis ki paka anpeche bandi opere, pou n ap fè mach pasifik epi se gaz ki rekonpans nou ak kout baton. Apresa pou ou tande entèl mouri akoz lap reveye konsyans yon pèp yo finn chifonnen.

Sa fè anpil lane depi nou ap siviv men nou pap viv vre. Chak jou n ap souri pou lavi ka tante boujonnen. Chak jou boujon an fane e demen nou pral tante rekòmanse. Jan yo di l la nou se yon jenerasyon tris ki chaje bèl foto griyen dan men si nou pat konn souri nou tap gentan peri.

Ebyen kidnapè, kidnape m non. Konsa m a aprann viv apre lanmò sa.

Écrit par Daniel FANFAN (fd1)

Publié par EMARMIL

Écrivain, ingénieur civil, amoureux des livres, amoureux de la vie

Laisser un commentaire

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer