Moman rive

Jenerasyon pam lan, jenerasyon 90, 95 ak 2000 lan, nap kontinye aji menm jan ak jenerasyon pase yo???

Nap kontinye egri yon ti jèn parèy nou poutèt lap eseye sòti tèt li nan yon peyi ki si difisil ???

Nap kontinye pale yo mal, peye fizye yo, voye zonbi sou yo poutèt yo jwenn yon travay aprè plis ke 20 lane ap etidye ???
Nap kontinye ba yo kout poud poutèt yo jwenn yon promosyon aprè plis ke 7 lane nan yon sèl pòs ???

Nap kontinye rayi yo poutèt yo arive achte yon Rav4 setyèm men aprè plis ke 5 lane travay pou yon salè mizerab???
Nap kontinye kite gwo kè anfle tèt nou paske yon ti jèn parèy nou posede yon ti boutik ???
Eske nap « still » kontinye pa vle wè yon jèn poutèt yon Iphone 9 li achte aprè l fin pase 13 mwa ap sanble kòb la???

Dim non!
Nap kontinye??????

Osinon, nap kòmanse apresye e valorize kapasite jèn parèy nou ki nan antouraj nou???

Ti jèn, moman rive!!!
Wi! Moman rive pouw sispann aji tankou granmoun sankoutya e rayisab yo.

Moman rive pouw kòmanse kite tout fistrasyon tonbe e pouw deside kole tèt ak yon jèn parèy ou kap fè efò.
Chak pa an avan yon jèn parèy ou fè sipoze motivew oumenm tou pouw avanse
Ou dwe [WI, SE YON DEVWA!] enspirew de jèn parèy ou kap fè efò.

Olyew rayil paske lap fè yon bagay kew anvi fè, jis mande l kijan l te fè poul rive la.
Mandel konsèy, mande l pataje eksperyans li avèw.
Mande l rakontew istwa l pouw ka ekri paw pi byen👐

Mwen konnen kew grandi mal menm jan avèm kap ekri tèks sa.
Ou grandi nan soufrans, mizè, rayisman, tripotay, koripsyon
Men, kwèm ti jèn ou vo plis ke sa
Ou vo 10 fwa, non! 100 fwa
Bref, ou vo yon milyon fwa plis ke sa
E ou ka sòti tèt ou nan sa!

Fonw kout je sou jenerasyon pase yo,
Saw wè?! Yo echwe!!!!
Se twòp rayisman ak divizyon ki fè yo echwe
Si jenerasyon pase yo te antann yo mwen menm avèw nou tap konnen poun antann nou tou depi tou piti.
Si yo te kole tèt ansanm pou avanse mwen menm avèw pa tap inkiete pou avni nou konsa jodi a.

Ann fè ti diferans lan ti jèn!!

Mwen priyew an gras jèn gason, jèn fanm, MAP SIPLIYEW MENM!! Sispann rayi yon ti jèn parèy ou pou sal posede.
Sispann anvye yon jèn parèy ou paske lap fè efò.
Nou kontribiye nan gaspiye twòp ti jèn ki te ka itil noumenm ankò. Ki te ka itil peyi a!
Ann chanje metòd, ann aprann youn de lòt pito, ann kolabore pito, ann mete tèt ansanm pito.

Kale jéw ti jèn!!!
Ansanm nap toujou ka al pi lwen e pa janm bliye ke reyisit ou se reyisit mw✊

MOMAN RIVE!!!
Map raplew ke touye yon moun pou sa l posede pap fèw posede l👌

Écrit par: Clefton « 33 » Simon

Nan memwa Jean Remy Norcy. Nan vi sa kou nan yon lòt, wap toujou rete model mwen.

Publié par EMARMIL

Écrivain, ingénieur civil, amoureux des livres, amoureux de la vie

2 commentaires sur « Moman rive »

Laisser un commentaire

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer