N ap ret tann

Tout bagay te kòmanse tou nèf
Nan mitan yon ane kou 2019 
Te gen espwa e tout bagay te brèf 
Li pat trò ta poun te di yès

Men sanzatan nou te fè wout la an 20
Ala traka pou nou ki pap sispan plenyen
Nan demagòg nan pil dyalòg nou pase yon 2020 nan tenten
Espwa fè viv se dyalòg nou ki pa sou anyen

Kitem diw saw pat konnen
Si lank plim mwen pa sifi 
M’espere mo m yo ap fè swivi
Si ane a ou pa goute grès se pa fòt ti ròch ki pami diri

Anpil pawòl gen pou pale 
Gwo koze sou ane kap defile
Mwen fè silans pou fyètem pa blese
Se rezon ki fèm pa swete moun bòn ane

Lap pi fasil poum din bon kouraj 
Sak ap vini yo gen pou frapew siw pa gen bon lantouraj
Lavi pap diw se dlo nap bat poun fè bè
Pami moun ki pale sila ki bèbè yo pran kouraj

Si tout fwa nou wè kòmansman nan yon titan ki pa lwen nap jwen fen an
                             Ann ret tann.

Écrit par : Modeler Pagenel

Publié par EMARMIL

Écrivain, ingénieur civil, amoureux des livres, amoureux de la vie

Un avis sur « N ap ret tann »

Laisser un commentaire

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer