Aswè a
Kabann lan ap ret vid
Pap gen bri pye nan kay la
Pap gen soupi
Ni okenn bri souf pèsòn
Aswè a
Kay la ap rete san pèsòn
Men li pap vid
Tout bagay ap rete nan plas yo
Souvni yo ap rete la
Kout eklari yo, plenyen yo ap rete la.
Men tout moun ap disparèt
Aswè a, avèk regrè
Dlo nan je
Enkyetid
Yap pran wout pou y ale
Ale lwen, byen lwen.
Aswè a
Lalin lan gen poul akouche sou po yo.
Nwit lan gen pou li fè konesans ak yo.
Aswè a, la wonte, dlo nan je, tristès, rezinyasyon, gen pou fè zanmitay ak yo.
Aswè a, yo resi konsyan, yo resi konprann, yo pap viv.
Écrit par Meïka Décime
