Bèl fanm vanyan ki kwè nan travay
Malgre tout kalamite li toujou ap batay
Nan itilizel san souf, li tounen bourik botay
Malgre tout efò li fè, li toujou ap passe tray
Lontan, yo te konn pran tan gade w bèl marabou.
Kounya se pran pa w vit pou m ka fè de kou.
Chak lè m ap gade mizè w, sa ban m degou
Pou m wè jan w travay se atò ou tonbe nan twou.
Ayiti cheri,yo te konn rele w pèl nan zanti
Kounya yo tèlman maltrete w, pase w anba pye ou vinn san figi.
Chak moun ki pase vinn piye, debou w ap depafini
Lè m ap gadew k ap soufri tout san m tresayi
Yon si bèl fanm tankouw pata dwe ap kriye
Ou te goumen twòp, se pa konsa pou jodi w ta ye
Tèlman ou pa ret anyen, yo trete w de sa w pa ye
Menm sa ki pat janm kamarad ou, ap gade w a kote
Ayiti, non sa vle pèdi tout sans li
Bòykotè finn bòykote li
Ti kras pa ti kras y ap fini ak li
Pa gen demen alevwa pou jodi
Pitit ki pa gen pye paka kouri
Menm ala naj, y ap bat pou yo soti
Ale lwen, lwen pou pran nouvèl li
Menm jan ak yo, m ap di w orevwa Ayiti.
Écrit par Claroo et FD1
Sous la direction de FD1
