Mwen jis anvi fè yon gwo bri
Petèt kote w ye a ou ta va tande m.
Pawòl mwen yo san sans
Yo dwat gòch kou souri deboutonnen.
Vwa m ale men li pa tounen
Sèl rèl ki ka ede m soulaje pèn mwen.
Mwen pa plen, mwen pa vid
Anndan m son galimatcha klète.
Si m kriye, dlo je pa p koule
Yo fin sèk kou 4 pòch kòb.
Lapli tonbe li mouye dlo,
San konprann pouki li refize m.
Rele m ka rele sèlman
Nan lespwa ou ta va tande
Kijan kè m fè bri san l pa bat.
Rele m rele pou m pa toufe
Se rèl ki ede m kenbe
Pou jan lavi pase trè
Sou chak grenn rèv san trèv
Lajounen solèy pa sispann klere,
Wout pa m toujou rete nwa
Nan rele san rete vwa m preke ale
Lè m paka rele ankò ma fon soupi (hmm ! )
Écrit par FD1
Édité par A suivre

Bon travay frè!!!
J’aimeAimé par 1 personne
Mèsi anpil
J’aimeJ’aime