Ou fè kòve manman!!!

Manman! Ou redi! Ou pote m nèf mwa, ou prepare vini m e ou redi pouse m.
Ou rele m tèt sèkèy ou « gwo non ». Ou grandi m san w pat janm gonw mari pou akonpaye w « fanm vanyen ».

 Ou mande prete, mande charite pouw te ka voye m lekòl e jwenn ti moso lenstriksyon.
Ou lite avè m, ban m leson pou jiskaske m fini etid fondamantal mwen « fanm tèt »

La pou la ou mete m nan yon lise pou m te rapouswiv etid segondè m « piti soyèt ».

Ou te toujou di m pa betize ak lekòl mwen paske antank pitit sòyèt se sèl pòt ki te ka mete m deyò « fanm konsekan »

Mte toujou koute w manman!
M te rete lekòl
M te swiv kou yo avèk atansyon
M te toujou kraze bèt mwen poum te ka ofri w yon demen miyò « pitit fyète w »

Mwen konnen tout sakrifis ou fè pou w te peye 4 ane inivèsite pou mwen nan pòtoprens manman.
Malgre w pa tap travay ni ou pat gen moun ki tap lonje ba ou ni voye pou ou, ou pat kite m ret ap flannen
Ou te di m pran etid inivèsite m o serye paske se li ki pral pèmèt mwen jwenn yon bon travay « fanm pwotektris »

Mwen te koute w manman!
Mwen pat neglije etidye, mwen pat janm bese le bra malgre bagay yo te rèd.
Jounen grangou pat konn anpeche m bat nay, blakawout pat konn anpeche m travay nan balèn… « tèt sèkèy wi »
Mwen te kwè nan pawòl ou manman!
Mwen te kwè sim travay byen lekòl mwen tap jwenn yon bon djòb, m te kwè ke bon rezilta eskolè m yo t ap ouvri anpil pòt pou mwen. « Pitit lanmou »

Mwen konnen jan ou envesti nan mwen manman
Tan w, lajan w, swè w, enèji w ak tout lòt sa w posede san pale de sa w pa posede. « Manman lavi »
Men sistèm lan pa ban m chans poum fèw benefisye de envestisman w yo.
Se kounya m ap reyalize ke ou fè kòve manman!! « Pitit konsyan »

-Ou fè kòve paske kòb ki te la pou devlope peyi a gagote « lajan petwokaribe»
-Ou fè kòve paske dirijan isit se an ti zanmi yo fonksyone « kolòn ki bat»
-Ou fè kòve paske tout moun kap dirije yo sonw bann enkapab. « stad imajinè»
-Ou fè kòve paske anpil ayisyen sonw bann entatad. « Si m mouri, mwen mouri pou 2 twou je m»

-Ou fè kòve paske tout depite ap gaspiye
-Ou fè kòve paske tout senatè ap banbile
-Ou fè kòve paske tout krim isit ret enpini
-Ou fè kòve paske nou gonw leta konwonpi
« Nou pa moun ankò»

Manman! Ou envesti tout sa w te posede nan mwen
Mwen konsyan de sa e mwen te fè tout sak depann de mwen poum te remèt ou sa.

Ou te ka pat fè kòve wi manman!
-Si kòb PetroCaribe a te byen envesti
-Si dirijan nou yo te sispann aji an ti zanmi
-Si palmantè nou yo pat yon pakèt konwonpi
-Si isit krim yo pat rete enpini
-Si tout kòb peyi a pat pase nan « per diem»
-Si moun nou bay dirije n yo te entèlektyèl konsekan.

Men malerezman sistèm ki an plas la fèw fè kòve
Sa fèm mal poum di men….
Ou fè kòve manman!!!
« Kèm fann »

Écrit par Clefton « 33 » Simon
Édité par Daniel Fanfan (FD1)

Mw rele Clefton Simon, mw fèt Delmas yon 03 jen, mwen gen lisans nan « Syans Kontab ». Mwen se yon moun cool, blagè, aplike, detèmine e motive. Mwen renmen moun, football ak mizik.
Map ekri depi lèm fenk gen telefòn android, depim pap fè anyen mw ouvri « memo » telefòn lan epi m tonbe ekri tout sa ki pase nan tèt mw. Dèfwa mwen ekri Rap, mini tèks, tèks, sketch, atik, blag, diskou, eks… Tout sa ki pase nan tèt mwen m ekril!
Mwen pa gen yon moman byen detèmine pou m ekri, mwen ka nan yon ti blokis la depi enspirasyon an monte m mwen rale telefòn mwen m ekri.
Mw komanse pataje tèks mw yo an 2020 gras ak blogg @A_Suivre, se te yon trè bèl eksperyans e feedback yo te trè pozitif.
Mwen renmen ekri, mwen pran feeling nan sa, map kontinye ekri toutotan m vivan e m ap toujou pran plezi pou m pataje tèks mwen yo ak nou😊

Tous droits reservés A suivre https://asuivre.art.blog/

Janvier 2022

Publié par EMARMIL

Écrivain, ingénieur civil, amoureux des livres, amoureux de la vie

3 commentaires sur « Ou fè kòve manman!!! »

  1. Clefton Simon mwen felisitew pou kalite refleksyon sa ou pwodwi a .
    Mwen renmen premyè pati a ,janl kòmanse a se byen sofke ti kote mwen manke retwouve mwen se nan pati ou fè kòve a paske si manmanw fè tout sa yo poul fèw rive nan nivo sa konnya se ou menm ki pral fè tout sak posib pou kontinye travay la menm si leta pap regle anyen serye ,menm si yo gagote lajan yo te dwe fè envestisman pou peyi a. Pou mwen mpa tap di manman fè kòve .

    Aimé par 1 personne

Laisser un commentaire

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer