Larivyè pa desann
Je mwen sèch
Kou tè k bezwen lapli
Figi m fennen
Kou ti flè douvanjou
K ap tann benediksyon lawouze
Pawòl yo gen gou fyèl
Ki fè nan silans m ap neye.
Rèv mwen monte pyebwa
Pou jan lavi ap souflete m
Soupi m yo pa tripòt
Men, bri kè m pa sispann fè eko.
Toudenkou !! Mwen pete yon kout rèl
Anmwey! Anmwey!
Nou fout genlè bliye si m egziste ?
Se atò solèy la tou etone
Nan yon bat je
Li antre l al kouche
Lannuit pèdi chèlbè l.
Nan syèl la, zetwal yo disparèt.
Rèv mwen al fè laplanch avèk pwason
Podyab! Vag lanmè trangle tou lè 2
Kè m makònen avèk lapèn
Mwen vid !
Mwen pa fè diferans ant lajounen avèk lannuit
Tèlman anyen nan kò m pa akòde
Mwen kontinye rele
Menm lè se yon rèl simityè
Yo pa mande m sa mwen pote.
Solèy midi, pa sispann banm kout fwèt
Anmwey! Anmwey!
Mwen espere
Yon lòt kout rèl a sifi
Pou mande mwen koze.
Vwa m gentan pèdi tout vijinite l
Lè souri m ap kouri
Pou dlo je m pa neye l.
Rénald Adams✍
