Wi ou gen bèl dan !
Bouch ou plat, li gwo
Ou twouvel twò piti
Bon se sa menm
Nap chache
Pou nou raplew
Kew gen yon bèl souri
Se yo,
Pa dim se ou
Ki twouve bote
Ki nan glas ou a
Ta manke plas li
Nan mitan bèl souri yo
En, de, twa
Souri
Ou pa eseye?
Ann rekòmanse
En, de, twa
Souri bèl nanm
Ou gen dwa sa tou
Jou yo difisil
Souri
Jounen presyon ak pwoblèm
Souri
Fanmiy lan tèt anba
Souri
Ou resevwa yon bon nouvèl
Souri
Zanmiw reyisi
Souri
Souri w se yon fòs
Pou antouraj ou
Souri w se rekonfò
Pou yon pakèt lòt
Souri w mete souri
Sou nenpòt 100 figi di
Souri w se ou
Se kri nanm ou
Souri w se yon kado
Ke li renmen resevwa
Pa ezite souri
Nan kenpòt ki moman
Souri w se limyè
Al kontinye souri bèl moun.
Écrit par Daniel FANFAN
