Ou renmen m vre?
Bon w pa montre m sa!
Ou pa banm yon prèv.
Yon ti bizou
Bò machwè
Nan fontenn
Oubyen kote w
Konnen ke m konnen an
Ki byen pwenti
Ou ta di lèzòm
Kap tann lamàn
Sa…
Se Premye ti prèv lanmou nou
Biz
Kiss
XoXo
Bisous
Nou ekri l
Nou di l
E nou santi sansasyon an
Ki travèse tout nanm nou
A chak fwa lèv nou kole
Sa pa fè lontan
Ayè la ou bobo m
Kouran travèsem
Ou pata di yon wot tansyon
Kè kontan melanje ak frison
M cho, m frèt
Mwen anlè
Mwen atè
Ou rebobo m
Mwen santi m vivan
Nou pa p wè
San nou pa bo
Nou pa p ap pale
San nou pa fè bizou
Yon jounen pa konplè
Si pa gen bizou ladan l
Cheri bobo m
Écrit par Daniel Fanfan
