Ou se

Ou se
Flè dizè nan mitan lannwit mwen
Ou se kèk mo ki mal akòde
Se saw ye choukoun anm
Bèl mo ki ka fon pwezi

Ou se espwa tout sak vle grandi
Regrè moun ki te rankontre w,
Ki kite w
Ou se piman bouk, zèv ki pa gen pri
Ou se tout sam te vle rankontre

Ou se lavi bèl nanm
Poto mitan
Yon fanm djanm!
Ou se definisyon lavi
Ou se tout sam pa vle pèdi

Ou se rèv nan je klèm
Rèv mwen se poum goute w, kenbe w
Ou se grenn mizik
manvi boukle nan kas mwen
Ti refren batman kèm

Ou se flè dizè
Ou se choukoun
Ou son madanm, yon sè
Ou se kinanm
Ou se lavi, yon manman
Ou se soyèt bèl vizaj
Ou se sak reprezante bèl moun, ou se lizay.

Écrit par MP

Éditeur : FD1

Publié par EMARMIL

Écrivain, ingénieur civil, amoureux des livres, amoureux de la vie

2 commentaires sur « Ou se »

Laisser un commentaire

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer