Manman! Ou redi! Ou pote m nèf mwa, ou prepare vini m e ou redi pouse m.
Ou rele m tèt sèkèy ou « gwo non ». Ou grandi m san w pat janm gonw mari pou akonpaye w « fanm vanyen ».
Ou mande prete, mande charite pouw te ka voye m lekòl e jwenn ti moso lenstriksyon.
Ou lite avè m, ban m leson pou jiskaske m fini etid fondamantal mwen « fanm tèt »
La pou la ou mete m nan yon lise pou m te rapouswiv etid segondè m « piti soyèt ».
Ou te toujou di m pa betize ak lekòl mwen paske antank pitit sòyèt se sèl pòt ki te ka mete m deyò « fanm konsekan »
Mte toujou koute w manman!
M te rete lekòl
M te swiv kou yo avèk atansyon
M te toujou kraze bèt mwen poum te ka ofri w yon demen miyò « pitit fyète w »
Mwen konnen tout sakrifis ou fè pou w te peye 4 ane inivèsite pou mwen nan pòtoprens manman.
Malgre w pa tap travay ni ou pat gen moun ki tap lonje ba ou ni voye pou ou, ou pat kite m ret ap flannen
Ou te di m pran etid inivèsite m o serye paske se li ki pral pèmèt mwen jwenn yon bon travay « fanm pwotektris »
Mwen te koute w manman!
Mwen pat neglije etidye, mwen pat janm bese le bra malgre bagay yo te rèd.
Jounen grangou pat konn anpeche m bat nay, blakawout pat konn anpeche m travay nan balèn… « tèt sèkèy wi »
Mwen te kwè nan pawòl ou manman!
Mwen te kwè sim travay byen lekòl mwen tap jwenn yon bon djòb, m te kwè ke bon rezilta eskolè m yo t ap ouvri anpil pòt pou mwen. « Pitit lanmou »
Mwen konnen jan ou envesti nan mwen manman
Tan w, lajan w, swè w, enèji w ak tout lòt sa w posede san pale de sa w pa posede. « Manman lavi »
Men sistèm lan pa ban m chans poum fèw benefisye de envestisman w yo.
Se kounya m ap reyalize ke ou fè kòve manman!! « Pitit konsyan »
-Ou fè kòve paske kòb ki te la pou devlope peyi a gagote « lajan petwokaribe»
-Ou fè kòve paske dirijan isit se an ti zanmi yo fonksyone « kolòn ki bat»
-Ou fè kòve paske tout moun kap dirije yo sonw bann enkapab. « stad imajinè»
-Ou fè kòve paske anpil ayisyen sonw bann entatad. « Si m mouri, mwen mouri pou 2 twou je m»
-Ou fè kòve paske tout depite ap gaspiye
-Ou fè kòve paske tout senatè ap banbile
-Ou fè kòve paske tout krim isit ret enpini
-Ou fè kòve paske nou gonw leta konwonpi
« Nou pa moun ankò»
Manman! Ou envesti tout sa w te posede nan mwen
Mwen konsyan de sa e mwen te fè tout sak depann de mwen poum te remèt ou sa.
Ou te ka pat fè kòve wi manman!
-Si kòb PetroCaribe a te byen envesti
-Si dirijan nou yo te sispann aji an ti zanmi
-Si palmantè nou yo pat yon pakèt konwonpi
-Si isit krim yo pat rete enpini
-Si tout kòb peyi a pat pase nan « per diem»
-Si moun nou bay dirije n yo te entèlektyèl konsekan.
Men malerezman sistèm ki an plas la fèw fè kòve
Sa fèm mal poum di men….
Ou fè kòve manman!!!
« Kèm fann »
Écrit par Clefton « 33 » Simon
Édité par Daniel Fanfan (FD1)
Mw rele Clefton Simon, mw fèt Delmas yon 03 jen, mwen gen lisans nan « Syans Kontab ». Mwen se yon moun cool, blagè, aplike, detèmine e motive. Mwen renmen moun, football ak mizik.
Map ekri depi lèm fenk gen telefòn android, depim pap fè anyen mw ouvri « memo » telefòn lan epi m tonbe ekri tout sa ki pase nan tèt mw. Dèfwa mwen ekri Rap, mini tèks, tèks, sketch, atik, blag, diskou, eks… Tout sa ki pase nan tèt mwen m ekril!
Mwen pa gen yon moman byen detèmine pou m ekri, mwen ka nan yon ti blokis la depi enspirasyon an monte m mwen rale telefòn mwen m ekri.
Mw komanse pataje tèks mw yo an 2020 gras ak blogg @A_Suivre, se te yon trè bèl eksperyans e feedback yo te trè pozitif.
Mwen renmen ekri, mwen pran feeling nan sa, map kontinye ekri toutotan m vivan e m ap toujou pran plezi pou m pataje tèks mwen yo ak nou😊
Tous droits reservés A suivre https://asuivre.art.blog/
Janvier 2022

