Sonw nonm ki te kwè nan ledikasyon anpil malgre li pat konn ni li ni ekri. Pandan 11 mwa li te pase sou pouvwa li te fonde 2 lise nasyonal (Lycée Philippe Guerrier des Cayes et Lycée Philippe Guerrier du Cap), youn se pi gwo lise « gran nò » e lòt la se pi gro lise « gran sid ». 2 lise sa yo gen plis ke 170 lane depi yap desèvi popilasyon ayisyèn lan.
