Ou fè kòve manman!!!

Mwen te koutew manman!
Mwen pat neglije etidye, mwen pat janm bese lè bra malgre bagay yo te rèd.
Jounen grangou pat konn anpechem bat nay, blakawout pat konn anpechem travay nan balèn… « tèt sèkèy wi »
Mwen te kwè nan pawòl ou manman!
Mwen te kwè sim travay byen lekòl mwen tap jwenn yon bon job, mte kwè ke bon rezilta eskolèm yo tap ouvri anpil pòt pou mwen. « Pitit lanmou »

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer