Ou se
Flè dizè nan mitan lannwit mwen
Ou se kèk mo ki mal akòde
Se saw ye choukoun anm
Bèl mo ki ka fon pwezi
Archives de l’étiquette : solèy
Rèl|Rénald Adams
Pawòl yo gen gou fyèl
Ki fè nan silans m ap neye.
Rèv mwen monte pyebwa
Pou jan lavi ap souflete m
Pa kite dlo koule
Chak vag lanmè banm yon lèt
Ranje yo se yon kastèt
Moblije anrejistre yo nan kasèt
Poum jwenn nan lòd pou yo parèt
Si tout fwa m ta vle ekri w yon lèt
Ou mete mak ou
Chak jès mwen yo konplemante
Solèy mwen yo ka espere lalin
Ou jis refè m santi ke m egziste
Depi lè ou pran plas nan vinn
